Overblog Tous les blogs Top blogs Tourisme, Lieux et Événements Tous les blogs Tourisme, Lieux et Événements
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU
10 Sep

Lavi

Publié par Audate Starson  - Catégories :  #La vie

Lavi

Defwa le nou pran tan nou pou nou reflechi sou lavi, nou ka ap mande tet nou; poukisa n'ap viv, eske n' gen yon objektif, eske demen ap miyo, kisa nou k fe pou nou chanje sitiasyon nou? ... Anpil kesyon ak anpil pwen enterogasyon.

Lavi se sa nou gen kom kado ki pi che sou te sa, men se kado ki pi difisil a jere, se kado ki paret dwol pou nou le nou manke bon sans. Ki ka fe nou santi nou ta dwe genyenl pou l pa janm fini. Tandi ke anpil fwa nou pa jwi l jan nou ta dwe telman nap cheche renmen sa n pa genyen.

Anpil fwa nou mete devan je n kom ekiz pou sa nou fe ki mal, la jwa youn se soufrans yon lot. Tout sa paske nou se moun, paske nou konpran ke nou pi bon pase youn lot, nou rive panse ken se pi gran kreati sou late. Nou praon kom exanp ke nou se sel kreati ki pale, pandan ke nou bliye ke ti zwayo ka chante, chyen k jape, lyon ka gwonde. Nou mete nan tet nou, nou se sel kreati ki k konpran lot. Tandi ke anwo pa vle we anba, Blan pa vle we Nwa. Al bliye ke pa gen lot diferans ke yon nan po yo gen plis melanin pase yon lot, pou pemet chak adapte a klima pa yo... Lavi ba nou twop, la natur tolere nou twop, Bondye fen gras twop se sak fen pa ka konpran ke vwazen an se fren vwazin nan se sen.

(Starson Audate).

Commenter cet article
E
ben lavi se kado men esken pa defwa two egoyis? eske nou we baay yo jan nou ta dwe we yo? esken cheche sa nou t dwe cherche vre? esken profite de lavi vre? nou nan pedi tan nou cherche sa ki tou pre nou lwen, nan rete plenyen. nou pa vle responsab zak nou. se toujou fot yon lot moun, nou toujou ap cherche yon eskiz poun pa fe sa nou dwe fe. nou plis anvi yon moun vin fe pou nou sa nou te dwe fe. Carl gen rezon repons yo defwa trouve yo nan kesyon yo.
Répondre

À propos

Everyday Life